Suche einschränken:
Zur Kasse

Bonhomme Coachi

Lapierre, Bob

Bonhomme Coachi

Bonhomme Coachi se yon dram istorik, yon womanteyat. Womanteyat" vle di yon pyès ki kapab li tankou yon woman, jwe sou yon sènteyat, anpitou mete sou fòm film sinema. Se fòm literati sa a yo rele "Closet Play." Bonhomme Coachi ou Faustin 1er, se yon dram ki reyèl. Sepandan, otè a ajoute de twa pasaj fiksyon ladan l. Se istwa yon ansyen Jeneral nan Lame Revolisyonè Ayisyen an - Pa Lame Pòpetwèl Meriken te vin kreye an 1915 lan non. M ap pale, Lame Revolisyonè Papa Dessalines, Capois Lamort elatriye, gason vanyan, ki te ba nou yon peyi nou ta dwa venere, adore, respekte, epi ancheri pou tout vi nou, Ayiti!Nan ekri pou teyat, sinema, ak televizyon, elatriye, pi souvan, ekriven yo konn mete ti epis pa yo. Se pòsyon sa a, nan literati, yo defini kòm fiksyon. Wi, genyen ti fiksyon nan istwa Bonhomme Coachi a, sepandan, aksyon yo pa chanje.

CHF 62.00

Lieferbar

ISBN 9780359824960
Sprache fre
Cover Kartonierter Einband (Kt)
Verlag Lulu.com
Jahr 20190802

Kundenbewertungen

Dieser Artikel hat noch keine Bewertungen.