Suche einschränken:
Zur Kasse

Inisyasyon Nan Kilti Ak Lang Kreyòl Ayiti

Lapierre, Bob

Inisyasyon Nan Kilti Ak Lang Kreyòl Ayiti

Li pa t janm yon sekrè pou pèsonn, mete lang tout Ayisyen pale a, Kreyòl, lang nasyon an, chita bò tab la. Se te toujou youn nan pi GWO batay nan vi sosyal, kiltirèl, e politik peyi a!
Se te tèlman yon gwo goumen, anpil konpatriyòt inosan te tonbe, e se te san nesesite. Batay la te fèt nan tout klas yo: anwo kou anba.
Sa ki te pi dwòl nan sa, batay la t ap fèt se te pou ede ak fasilite klas defavorize yo. Sepandan, nan yon tan, se te yomenm ki te pote banyè opozisyon an.
Anpil nan yo te konn di : Ou vle pitit nou pale Kreyòl, pandanstan, piti pa w yo ap toujou pale bon Franse ak jwenn bon travay.
Yo pa t di manti -- Tout Prezidan, edikatè, pwofesyonèl, palemantè, doktè, fonksyonè nan peyi a se Franse yo te pale, anpil nan yo, jiskaprezan pale l malman, men ! - Se yon alyenasyon ki te pran rasin depi nan lesklavaj.
Atitid refraktè mas yo te pèmèt klas anlè yo bat bravo. - Men pòvdyab yo, yo pa t konprann, se pa te fòt yo. Se te fòt gouvènman yo ki pa te janm vrèman gen matirite entelektyèl pou yo te konprann, yon lang se yon zam pou tout aksyon. Tankou mwen pa p janm sispann di, Lang pa lanmè, men li kapab neye w.

Antouka, apre tout goumen, jodi a, nou vanse rive ! E san patipri, fòk nou jwenn kouraj remèsye Jean-Bertrand Aristide. Se limenm, antan Prezidan nasyon an, ki te pote lang manman li anndan Nasyonzini, epi tou devan lemonn. Kidonk, jodi a Kreyòl 35èm lang nan Nasyonzini. Nou pa p ajoute diplis, paske tout sa ki merite di anndan liv la. Sepandan, n ap di tout pyonye yo mèsi, an patikilye Christian Beaulieu avèk Doktè Yves Déjean. Inisyasyon Nan Kilti Ak Lang Kreyòl Ayiti: Pyonye Yo -- Bob Lapierre

CHF 73.00

Lieferbar

ISBN 9781387574230
Sprache hat
Cover Fester Einband
Verlag Lulu.com
Jahr 20220903

Kundenbewertungen

Dieser Artikel hat noch keine Bewertungen.